Body

Byenvini nan Deklarasyon Gratis, kote ou kapab prepare epi deklare taks sou revni endividyèl federal ou gratis si ou sèvi ak lojisyèl preparasyon ak deklarasyon taks.

Kite Deklarasyon Gratis fè travay di a pou ou gras a lojisyèl gwo mak oswa Fòmilè Aktif Deklarasyon Gratis yo.

Chwazi opsyon Deklarasyon Gratis Sou Entènèt selon montan revni ou antre:

     Revni $69,000 ak Pi Ba
     Pwodui Sou Entènèt Deklarasyon Gratis

 

   Revni pi plis pase $69,000
   Fòmilè Aktif Deklarasyon Gratis

  • Ou dwe konnen kijan pou fè taks ou poukont ou
  • Li fè kalkil yo pou ou; ofri direksyon preliminè sèlman
  • Ou dwe gen deklarasyon taks ane 2018 ou
  • Preparasyon taks eta (state) pa disponib

Kòmanse Fòmilè Aktif Yo Kounye a (an Anglè)