Peye Balans Ou pi Vit ou Kapab Dat limit pou peye taks sou revni ane 2019 la se te 15 Jiyè. Ou ka tcheke balans ou osinon gade opsyon pèman w sou kont ou an genyen sou entènèt la. Ou ka mande tou yon plan pèman sou entènèt. Si pandan peryòd alèjman an, ou te sispann peye sa k te pwograme pou w peye yo, ou dwe rekòmanse peye tout pèman ou dwe apre 15 Jiyè yo (an Anglè). Pèman ka fèt swa pa entènèt, telefòn osinon selilè, kit ou te ranpli fòm ou sou e-file, oubyen nan papye, osinon pou w peye yon fakti oubyen yon nòt. Sa san danje, san pwoblèm - IRS itilize founisè sèvis ak rezo kat pwofesyonèl/komèsyal tout moun konnen, epi tou enfòmasyon w yo sèlman sèvi pou regle zafè pèman w lan. Frè pou peye ak Enfòmasyon Chwazi anba la a ki antrepriz pèman otorize sou zafè pèman ak kat k ap bay pi bon avantaj pou tip kat ou a epi pou kantite kòb pèman an koute a. Gen yon kantite fwa maksimòm yo ka pèmèt ou peye ak kat (an Anglè) Depo taks federal bòs travay yo pa ka fèt ak kat kredi; gade ki jan pou w peye taks sou travay (an Anglè) Pou pèman ak kat ki rive nan $100,000 ou plis (an Anglè) gen aranjman espesyal sa ka mande Chwazi Antrepriz Otorize pou Pèman W lan PayUSAtax Peye ak kat debi? $2.55 Peye ak kat kredi? 1.96% Frè minimòm $2.69 Pèman nou Aksepte Visa, Master Card, Discover, American Express, STAR, Pulse, NYCE, Accel, Visa Checkout, MasterPass, Amex Express Checkout, PayPal Fè yon Pèman (an Anglè) Pay1040 Peye ak kat debi? $2.58 Peye ak kat kredi? 1.87% Frè minimòm $2.59 Pèman nou Aksepte Visa, Master Card, Discover, American Express, STAR, Pulse, NYCE, Visa Checkout, MasterPass, Amex Express Checkout Fè yon Pèman (an Anglè) OfficialPayments Peye ak kat debi? $2.00 oubyen $3.95 $3.95 tarif fiks pou pèman ki depase $1000 Peye ak kat kredi? 1.99% Frè minimòm $2.50 Pèman nou Aksepte Visa, Master Card, Discover, American Express, STAR, Pulse, NYCE, Visa Checkout, MasterPass, Amex Express Checkout Fè yon Pèman (an anglè) Body Use tab to go to the next focusable element Konparezon kòb pou peye sèvis antrepriz otorize yo PayUSAtax Pay1040 OfficialPayments Montan Pèman an Frè Sèvis Debi Frè Sèvis Kredi Frè Sèvis Debi Frè Sèvis Kredi Frè Sèvis Debi Frè Sèvis Kredi $50 $2.55 $2.69 $2.58 $2.59 $2.00 $2.50 $100 $2.55 $2.69 $2.58 $2.59 $2.00 $2.50 $250 $2.55 $4.90 $2.58 $4.68 $2.00 $4.98 $1000 $2.55 $19.60 $2.58 $18.70 $2.00 $19.90 $2,500 $2.55 $49.00 $2.58 $46.75 $3.95 $49.75 $10,000 $2.55 $196.00 $2.58 $187.00 $3.95 $199.00 Enfòmasyon Siplemantè IRS pa touche senk kòb menm nan frè pou sèvis kat yo. Ou pa bezwen voye koupon si se ak kat ou peye. Ou ka dedwi kòb ou peye pou sèvis kat yo, si taks ou peye a se pou biznis. Se antrepriz otorize a ou dwe kontakte pou w anile yon pèman ki te fèt ak kat. IRS ap ranbouse tout kòb ki peye an plis sòf si gen yon dèt sou kont lan. Nan fakti kat ou a, w ap wè pèman w lan make “United States Treasury Tax Payment” epi kòb ou peye pou sèvis la ap make “Tax Payment Convenience Fee” ou byen yon bagay konsa. Lè gen yon sele ki poze epi ki an rapò ak taks federal, sa ka pran menm 30 jou aprè pèman an rive pou sele a soti; ka toujou gen sele ki poze pou moun ki pa fin peye entegralman sa yo dwe peye a. Lè w peye pandan w ap itilize yon lojisyèl pour w ranpli fòmilè taks ou sou entènèt, gen diferan frè sèvis pou transaksyon ki fèt ak kat (an Anglè). Enfòmasyon sou moun pou yo kontakte PayUSAtaxwww.payusatax.com (an Anglè) Pèman: 844-729-8298 Operatè pou w telefone an dirèk: 855-508-0159 Sèvis: 844-825-8729 Apèl Entènasyonal peye Pèman: 615-550-1491 Operatè pou w telefone an dirèk: 615-942-1141 Sèvis: 615-550-1492 Pay1040www.pay1040.com (an Anglè) Pèman: 888-729-1040 Sèvis: 888-658-5465 Apèl Entènasyonal peye Operatè pou w telefone an dirèk: 501-748-8507 OfficialPaymentswww.officialpayments.com/fed (an Anglè) Pèman: 888-272-9829 Operatè pou w telefone an dirèk: 877-754-4420 Sèvis: 877-754-4413 Apèl Entènasyonal peye Pèman: 334-521-3842 Deklarasyon Dwa Kontribyab yo Tout kontribyab gen yon seri dwa fondamantal ke yo dwe konnen lè yo an afè ak IRS. Eksplore Deklarasyon Dwa Kontribyab yo (an Anglè).