Resevwa yon PIN Pwoteksyon Idantite (IP PIN)

Kisa yon PIN Pwoteksyon Idantite ye?

Nimewo IP PIN se yon nimewo sis chif yo distribye a kontribyab ki kalifye pou anpeche move izaj nimewo Sekirite Sosyal yo nan fo deklarasyon taks sou revni federal. Yon nimewo IP PIN ede IRS verifye idantite kontribyab la epi aksepte deklarasyon taks elektwonik oswa sou papye li depoze. Lè ou gen yon nimewo IP PIN, sa anpeche yon lòt moun deklare taks sou revni ak nimewo SSN ou.

Kiyès ki gen dwa a yon nimewo IP PIN?

Si yo konfime ke ou se viktim vòl idantite epi IRS rezoud pwoblèm ki te gen nan kont taks ou a, nou ap voye yon Avi CP01A (an Anglè) pa lapòs ki ap gen IP PIN ou ladan.

Si ou abite nan youn nan 20 lokalite sa yo, ou gen dwa a Pwogram Patisipasyon nan IP PIN nan. Pou ka gen dwa a sa pou ane 2020, fòk ou te depoze yon deklarasyon federal antake rezidan Arizona, Kalifònia, Kolorado, Konetikèt, Delawè, Distri Kolonbia a, Florid, Jòji, Illinois, Merilenn, Michigan, Nevada, New Jersey, Nouvo Meksik, New York, Kawolin nan Nò, Pennsilvani, Rhode Island, Tekzas, oswa Washington.

Tanpri note byen: IRS ap elaji aksè pou moun gen dwa a Pwogram Patisipasyon nan IP PIN nan. Yo ap ajoute eta (state) yo pwogresivman jiskaske pwogram nan kouvri tout peyi a. Gade nan Piblikasyon 5367, Pwogram Patisipasyon nan IP PIN (an Anglè ak Espanyòl) PDF, pou detay sou pwogram nan.

Kijan pou m fè resevwa yon IP PIN?

Si yo konfime ke yon moun se viktim vòl idantite, yo ap voye yon nimewo IP PIN ba li si ka pa li a rezoud avan kòmansman sezon taks pwochen an. Kontribyab ki resevwa IP PIN ànyèl la pa lapòs men ki pèdi oswa pa t resevwa Avi CP01A a kapab sèvi ak zouti ki rele Resevwa yon IP PIN nan pou yo rekipere nimewo a. Gade nan Rekipere IP PIN Ou (an Anglè) pou plis detay.

Kontribyab ki gen dwa a Pwogram Patisipasyon nan IP PIN nan dwe itilize zouti entènèt ki rele Resevwa yon IP PIN. Si ou pako gen yon kont sou IRS.gov, ou dwe enskri pou w valide idantite ou. Avan ou eseye enskri, li plis detay sou pwosesis otantifikasyon idantite ki rele aksè sekirize (an Anglè) a. Yon kontribyab pa ka resevwa yon nimewo IP PIN pa mwayen yon koudfil a IRS.

Pou rekipere yon IP PIN ki pèdi oswa, si ou kalifye, pou antre nan pwogran Patisipasyon nan IP PIN nan, chwazi “Resevwa yon IP PIN” anba la pou kòmanse.

Resevwa yon IP PIN (an Anglè)

Note Byen: Si oparavan ou te enskri pou yon IP PIN, Resevwa Transkripsyon, Gade nan Kont Taks ou oswa yon Antant pou Pèman Sou Entènèt, ou dwe konekte sou kont ou ak menm non itilizatè ak modpas yo.

Kijan pou m itilize yon IP PIN?

Tape sis chif ki nan IP PIN nan lè lojisyèl taks la mande w oswa bay pwofesyonèl taks ou fè konfyans ki ap prepare deklarasyon taks la pou ou. Si IP PIN ou pa kòrèk oswa pèdi, sa ap lakoz yo rejte deklarasyon pa mwayen e-file ou a oswa ap gen reta sou deklarasyon sou papye ou voye a jiskaske yo verifye li.

Pa devwale nimewo IP PIN ou a pèsonn. Ou dwe devwale li sèlman a pwofesyonèl taks ou a epi sèlman lè ou prè pou siyen epi soumèt deklarasyon ou. IRS pa p janm mande ou bay yo IP PIN ou. Evite pran nan pyèj pa telefòn, imèl oswa tèks ki ap eseye twonpe w pou ba yo IP PIN ou.

Pou enfòmasyon siplemantè

Tanpri ale sou paj IP PIN FAQ (an Anglè) pou nenpòt kesyon ou ta vle poze.