Kredi enpo sou kòb moun fè (EITC, an Anglè) ede travayè ak fanmi ki gen yon ti salè oswa yon salè plizoumwen aseptab gen yon souf nan taks. Si w kalifye, ou ka itilize kredi a pou redwi taks ou dwe yo epi ou ka petèt ogmante ranbousman ou.

Èske ou te resevwa yon lèt nan men IRS sou Kredi enpo sou kòb moun fè (EITC, an Anglè)? Dekouvri sa a pou w fè (an Anglè).

Ki moun ki kalifye

Ou ka fè reklamasyon pou EITC a si revni ou ba oswa plizoumwen aseptab. Kantite kredi w la ka chanje si w gen timoun, yon moun ki depann de ou, si w andikape oswa si w ranpli lòt kritè.

Lame ak legliz ta dwe revize Règleman espesyal EITC yo (an Anglè) nou yo paske itilizasyon kredi sa a kapab afekte lòt benefis gouvènman an.

Itilize asistan pou pwosesis kalifilasyon EITC nou an pou dekouvri si w kalifye epi pou konbyen.

Verifye si w kalifye

Si w reklame kredi sa a, ka gen reta nan ranbousman (an Anglè) ou a. Dapre lalwa, nou dwe rete tann jiska mitan mwa fevriye a pou nou ranbouse moun k ap peye taks yo e ki fè reklamasyon Kredi enpo sou kòb moun fè.

Toujou pa rasire si w kalifye pou EITC a? Resous sa a kapab ede:

Kòman pou m reklame kredi sa a

Jwenn enstriksyon sou Kòman pou m reklame EITC a (an Anglè) pou 10 dènye ane fiskal yo.

Jwenn enfòmasyon sou:

Lòt kredi ou ka kalifye

Si w kalifye pou EITC a, ou kapab kalifye tou pou lòt kredi enpo.

Resous

Santral EITC (an Anglè) gen zouti ak enfòmasyon pou patnè IRS yo, òganizasyon kominotè yo, anplwayè yo, ajans gouvènman yo ak biwo yo ak preparatè enpo yo.