Kredi Taks sou Revni ou Antre a, ki rele EITC oswa EIC, se yon benefis pou moun ki ap travay ki fè pati gwoup a revni fèb a modere. Pou gen dwa a sa, ou oblije ranpli deseri kondisyon epi depoze deklarasyon taks ou, menm si ou pa dwe okenn kòb taks oswa li pa obligatwa pou w deklare. EITC redui kantite lajan taks ou dwe epi li ka ba ou yon ranbousman.

Kilè M Ka Atann Mwen A Resevwa Ranbousman Pa M?

Si ou reklame Kredi Taks sou Revni ou Antre (an Anglè EITC) oswa Kredi Fiskal Adisyonèl pou Timoun (an Anglè ACTC), daprè lalwa, IRS p ap ka ba ou ranbousman pa w la avan mitan mwad fevriye. Pran plis ransèyman sou kilè pou atann ou a resevwa ranbousman pa w la (an Anglè).

Aprè ou fin depoze deklarasyon ou, pi bon fason pou suiv pwogrè ranbousman ou se Kote Ranbousman Mwen An? oswa aplikasyon mobil IRS2Goa.

Kiyès ki Kalifye

Eske Mwen Kalifye pou EITC?

Pou kalifye pou EITC (an Anglè) ou dwe gen revni ou antre apati travay ou fè pou yon moun oswa nan jesyon oswa posesyon yon biznis oswa yon fèm epi ranpli kondisyon fondamantal yo. Epi, ou dwe ranpli deseri kondisyon adisyonèl pou travayè ki pa gen pitit selon regleman yo oswa ou dwe gen yon pitit ki ranpli tout kondisyon pou timoun ki nan regleman yo pou ou.

Ou ka itilize Piblikasyon 5334, Eske Mwen Kalifye pou EITC? (an Anglè) PDF pou kapab konnen si ou gen dwa a EITC.

Asistan pou EITC

Itilize Asistan pou EITC (an Anglè) a pou wè si ou kalifye pou ane fiskal: 2019, 2018, ak 2017. Asistan pou EITC a ap ede ou konnen ki kondisyon fiskal ou, si pitit ou se yon timoun kalifyan, si ou gen dwa a EITC epi estime ki valè lajan ou ka resevwa pou sa.

Limit ak Tab Revni yo

Gade nan Limit Revni pou EITC ak Montan Kredi Maksimòm (an Anglè) pou ane sa a, ane pase yo ak ane fiskal pwochèn.

Reklame EITC

Kijan pou Mwen Fè pou M Reklame EITC? (an Anglè)

Ou sipoze depoze deklarasyon taks ou pou ka reklame EITC. Chèche konnen:

  • ki dokiman ou ap bezwen
  • erè moun fè souvan pou siveye pou w pa fè
  • konsekans ki genyen lè yon moun depoze yon deklarasyon EITC ki gen erè
  • kijan pou resevwa asistans pou prepare deklarasyon taks ou
  • kisa ou dwe fè si yo rejte EITC ou nan yon ane ki sot pase
  • kijan pou reklame kredi pou ane fiskal ki sot pase yo

Ou te Resevwa yon Notifikasyon

Mwen Resevwa yon Lèt ki soti nan IRS konsènan EITC, Kisa Pou M Fè? (an Anglè)

Nou voye lèt konsènan EITC ki kapab:

  • sigjere pou w reklame EITC si ou kalifye pou sa
  • mande ou pou voye enfòmasyon pou verifye reklamasyon EITC ou fè a
  • founi enfòmasyon enpòtan konsènan reklamasyon ou fè a

Paj lèt/notifikasyon (an Anglè) sa a ap di ou kisa ou dwe fè si ou resevwa yon lèt oswa notifikasyon nou voye ba ou konsènan EITC.

Resous Espesyalize

Ale sou Santral EITC (an Anglè) pou ka jwenn zouti ak enfòmasyon ki fèt espesyalman pou patenè IRS yo, òganizasyon kominotè, anplwayè, ajans gouvènmantal ak biwo, ak moun ki prepare taks pou moun yo.

Timoun Pèdi

IRS antre an kolaborasyon ak Sant Nasyonal pou Timoun ki Pèdi ak Sibi Eksplwatasyon (an Anglè NCMEC) pou ede yo chèche timoun ki pèdi yo. Plis enfòmasyon