Kredi Enpo sou Asirans Sante

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Pou plis enfòmasyon sou kiyès ki elijib pou reklame Kredi Taks sou Asirans Sante a pou ane fiskal 2021 an, ki plan ki plan kalifye pou HCTC a, ak kijan pou ou kalkile kredi w la, gade Fòm 8885, Kredi Enpo sou Asirans Sante (an anglè).

Fòm 1099-H (an anglè), Pèman Avans Kredi Enpo sou Asirans Sante yo (HCTC), ki montre pòsyon montan pèman avans mansyèl HCTC nou te peye kòm avantaj ou a nan 2021 an, prale nan dat 31/1/2022. Gade Konprann Lèt 6129 Ou a (an anglè) pou plis enfòmasyon.

Ou DWE depoze Fòm 8885 lan avèk Fòm 1040, 1040-NR, 1040-SS, oswa 1040-PR nan dat 18 avril 2022 oswa anvan, (19 avril 2022 si w ap viv Maine oswa Massachussetts), oswa fè demann yon pwolongasyon pou fè deklarasyon taks ou 18 avril 2022 oswa anvan, (19 avril 2022 si w ap viv Maine oswa Massachussetts), menm si ou p ap reklame okenn HCTC adisyonèl nan Fòm 8885 lan.

Lwa sou Sètitid Kontribyab la Alèjman Taks pou Dezas 2020 an, Seksyon 134 te pwolonje pwogram HCTC a rive 31 Desanm 2021. Pou Patisipan ki anwole nan Pwogram HCTC Mansyèl la, dat limit peman final la se 10 Desanm 2021 pou asirans mwa Desanm nan. Y ap voye dosye peman 2021 final la nan dat 21 desanm 2021.

IRS pa genyen otorite administrativ pou li elaji kredi a plis. Si Kongrè a adopte yon ekstansyon, ebyen IRS la ap mete an èv epi avize kontribyab ki konsène yo. Moun yo kapab kontwole sit sa tou pou mizajou yo.

Pa soumèt okenn pèman pou mwa asirans an 2022. Si gen nouvo lwa ki pase, w ap bezwen retounen anwole nan pwogram nan pou 2022 pou w fè demann pèman avans yo ak fè demann ranbousman yo bay pou pèman ou te fè dirèk bay vandè w la oswa founisè w la pou asirans sante kalifye 2022 a.

Y ap bay enstriksyon ak delè yo sou paj wèb ak nan lèt patisipan yo.