Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl Peyè Taks

Kisa ki Nouvo 

Ekzijans deklarasyon taks: Tout aplikasyon Fòmilè W-7 yo, ansanm avèk renouvèlman yo, dwe genyen ladan yo ypn deklarasyon taks federal ameriken sof si ou gen yon eksepsyon pou ekzijans deklarasyon an.  

Diskisyon elaji Avantaj Fiskal dediktib la:  Diskisyon avantaj fiskal dediktib la te elaji. Pou plis enfòmasyon, gade Avantaj Fiskal Dediktib yo nan Enstriksyon pou Fòmilè W-7 (an anglè)PDF. 

Kredi pou Swen Timoun ak Depandan (CDCC): Yo ka bay yon depandan etranje ki soti Canada oswa Mexico yon ITIN si depandan sa kalifye yon kontribyab pou yon kredi pou swen timoun oswa depandan (yo reklame nan Fòmilè 2441). Fòmilè 2441 an dwe tache ak Fòmilè W-7 ansanm avèk deklarasyon taks federal ameriken an. Gade Piblikasyon 503 (an anglè)PDF pou plis enfòmasyon.  

Rapèl Enpòtan

ITIN ki ekspire yo: Si ITIN ou an pa t nan yon deklarasyon taks federal ameriken pou pi piti yon fwa pou ane fiskal 2018, 2019, ak 2020, ITIN ou an ap ekspire 31 desanm 2021. ITIN ki gen chif mitan ki se (katriyèm ak senkyèm pozisyon yo) "70," "71," "72," "73," "74," "75," "76," "77," "78," "79," "80," "81," "82," "83," "84," "85," "86," "87," oswa "88" ekspire. Anplis, ITIN ki gen chif mitan yo ki se "90," "91," "92," "94," "95," "96," "97," "98," or "99," SI yo te bay yo anvan 2013, ekspire. 

Remak: Si anvan, ou te soumèt yon aplikasyon pou renouvèlman epi yo te apwouve li, ou pa bezwen renouvle ankò. Sinon, ou ta dwe soumèt yon fòmilè W-7, Aplikasyon pou Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl, deklarasyon taks federal ameriken, ak tout dokiman idantifikasyon IRS la bezwen.

Deklarasyon enfòmasyon yo: SI yo itilize ITIN ou an sèlman nan deklarasyon enfòmasyon pou rezon deklarasyon, ou pa bezwen renouvle ITIN lè sa a. Sepandan, alavni, si ou bezwen itilize ITIN nan pou ou fè yon deklarasyon taks federal ameriken, w ap bezwen renouvle ITIN nan lè sa.  

Chanjman adrès: Li enpòtan pou IRS la okouran de aktyèl adrès bwat postal ou. Yo itilize adrès sa pou voye ba ou Fòmilè W-7 ou a, ansanm avèk notifikasyon sou ITIN yo ba ou a, epi retounen dokimantasyon sipò orijinal ou yo. Si ou deplase anvan ou resevwa ITIN ou an, fè nou konnen aktyèl adrès bwat postal ou a touswit, pou nou ka aktyalize done ou yo.

Kisa yon ITIN ye?

Yon Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl (ITIN) se yon nimewo tretman taks Sèvis Revni Entèn nan bay. IRS bay ITIN yo pou kontribyab ki gen ekzijans pou yo genyen yon nimewo idantifikasyon kontribyab ameriken men ki pa genyen, epi ki pa elijib (an anglè) pou jwenn yon nimewo Sekirite Sosyal (SSN) nan Administrasyon Sekirite Sosyal (SSA) (an anglè).

Kisa yon ITIN itil?

IRS bay ITIN yo pou ede kontribyab yo konfòme yo ak lwa fiskal etazini yo, epi pou bay yon mwayen pou byen trete epi kontabilize deklarasyon taks yo ak pèman yo pou sila yo ki pa elijib (an anglè) pou nimewo Sekirite Sosyal yo. Yo bay yo pou kèlkeswa kondisyon imigrasyon an, paske ni etrabje rezidan ni etranje ki pa rezidan ka genyen yon ekzijans deklarasyon ameriken oswa depo dapre Kòd Revni Entèn nan. ITIN yo sèvi pou deklarasyon taks federal sèlman.

Yon ITIN pa:

  • Kalifye yon depandan pou Rezon Kredi Enpo sou Revni ou Antre
  • Bay kalifikasyon pou avantaj Sekirite Sosyal yo
  • Otorize travay ozetazini

Èske Mwen Bezwen yon ITIN?

Èske sa annapre a aplike pou ou?

  1. Ou pa genyen yon SSN epi ou pa elijib (an anglè) pou jwenn youn, epi
  2. Ou gen yon ekzijans pou ou bay yon nimewo idantifikasyon fiskal federal oswa fè yon deklarasyon taks federal, epi
  3. Ou se youn pami kategori annapre sa yo:
    • Etidyan, pwofesè oswa chèchè etranje ki pa rezidan k ap fè yon deklarasyon taks ameriken oswa k ap reklame yon eksepsyon
    • Etranje ki pa rzidan k ap reklame yon avantaj trete taks
    • Depandan oswa konjwen yon moun ki genyen viza etranje pou moun ki pa rezidan
    • Depandan oswa konjwen yon sitwayen/etranje rezidan
    • Etranje rezidan ameriken ki (selon jou li prezan ozetazini yo) ap fè yon deklarasyon taks ameriken
    • Etranje rezidan ki gen ekzijans pou li fè yon deklarasyon taks ameriken oswa k ap reklame yon eksepsyon

 Si ou se youn ladan yo, alòs ou dwe aplike pou yon ITIN.