Body

Peman Enpak Ekonomik yo se fon ki la pou ede moun pandan pandemi kowonaviris la.

Peman ki gen rapò ak Enpak Ekonomik yo nan wout kounye a.

N ap voye kounye a Twazyèm Peman Enpak Ekonomik yo an akò avèk Lwa sou Plan Sekou Ameriken 2021, ki te siyen ofisyèlman nan dat 11 mas 2021. IRS la ap voye Avi 1444-C a bay moun ki te resevwa yon twazyèm Peman Enpak Ekonomik. Lèt sa dwe konsève avèk dosye ane fiskal 2021 an.

Verifye pati kesyon ak repons sou Twazyèm Peman Enpak Ekonomik (an anglè) la pou plis enfòmasyon.

Verifye ki lè ak kijan yo voye peman w lan sou zouti Jwenn Peman Mwen an.

Jwenn Pèman Mwen an

Ou pa t jwenn tout lajan premye ak dezyèm peman yo? Reklame Kredi Rekiperasyon Ranbousman 2020 an

Si w pa t jwenn tout montan lajan an nan premye oswa dezyèm Peman Enpak Ekonomik yo, ou ka kalifye pou reklame Kredi Rekiperasyon Ranbousman 2020 an. Si revni ou te mwens pase $12,400 an 2020, oswa mwens pase $24,800 si ou marye, ou ka itilize Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an (an anglè). Si revni ou te depase sa, ou dwe ranpli yon deklarasyon taks 2020. Yo p ap itilize twazyèm Peman Enpak Ekonomik la pou kalkile Kredi Rekiperasyon Ranbousman 2020 an.

Reklame Kredi Rekiperasyon Ranbousman 2020 an

Pou dènye mizajou yo, verifye IRS.gov/coronavirus (an anglè).