Pwoteje Dwa Sivil Kontribyab yo

Sèvis Revni Entèn pa tolere pou anplwaye l yo fè diskriminasyon sou okenn moun poutèt laj, koulè, andikap, ras, reprezay, orijin nasyonal, nivo anglè, relijyon, sèks, oryantasyon seksyèl oubyen estati l kòm paran. Pozisyon zero tolerans sa a valab pou nenpòt moun k ap travay kòm benevòl oubyen k ap travay ak kontribyab nan kad pwogram Asistans fiskal federal oubyen nenpòt lòt kalte pwogram federal mete sou pye. Sa ki konte ladan l ankò se nenpòt ki entèraksyon ki genyen avèk anplwaye IRS oubyen ak aktivite IRS parene oubyen youn nan twa sant asistans kominotè sa yo:

  • Klinik Taks pou Kontribyab ki gen Revni Fèb
  • Asistans pou Taks sou Revni Volontè
  • Sitwèb Konsèy Taks pou Moun Laj Avanse

Si yon kontribyab taks mande sa, anplwaye ak pèsonèl travay/benevòl IRS ki afekte nan sit pwogram pou ede a ap ofri l amenajan rezonab ak asistans nan lang li pase.

Piblikasyon Dwa Sivil Kontribyab

Piblikasyon sa yo ap ede eksplike epi fè respekte angajman IRS pou pwoteje dwa sivil kontribyab la:

Depoze yon Plent

Biwo IRS sou Ekite, Divèsite ak Enklizyon, Divizyon Dwa Sivil gen responsablite pou kenbe epi pwoteje dwa sivil tout kontribyab yo, tankou moun ki gen andikap oswa konpetans limite nan lang angle. Si ou te fè eksperyans diskriminasyon anba yon anplwaye IRS nan pwogram IRS ap dirije oswa anba yon manm pèsonèl/volontè nan sit pwogram pou asiste yo, tanpri voye yon plent (an Anglè) PDF ekri nan:

IRS Civil Rights Unit

1111 Constitution Avenue, NW

Room 2413

Washington, DC  20224

Pou tout lòt enfòmasyon sou dwa sivil kontribyab, kontakte nou nan adrès postal nou oubyen voye yon imel ale nan edi.civil.rights.division@irs.gov.

Lyen yo sou paj sa a se nan fòma Adobe PDF yo ye. Telechaje dènye vèsyon Lektè Akwobat Adobe la gratis nan paj telechaje Lektè Adobe a (an Anglè) sou sitwèb Adobe a.

Reklamasyon Anti-Arasman:

Seksyon Anti-Arasman nan Biwo IRS ki okipe kesyon Ekite, Divèsite ak Enklizyon pran responsabilite pou asire l anplwaye, manadjè, sipèvizè, kontraktè, vandè, ak aplikan pwoteje byen pwoteje kont nenpòt ki arasman oswa entimidasyon yon anplwaye IRS. Pou w resevwa enfòmasyon adisyonèl oswa pou w kòmanse yon pwosesis reklamasyon, kontakte seksyon an pa imel nan edi.ahp.mailbox@irs.gov.