Chanjman enpòtan ki fèt nan Kredi Enpo pou Timoun nan ap ede anpil fanmi jwenn peman avans kredi a apati sezon lete sa a:  

  • Mwatye montan kredi yo ap fèt an peman avans mansyèl. Gade kalandriye dat peman yo.
  • W ap reklame lòt mwatye a lè ou depose deklarasyon enpo sou revni 2021 w lan.

Peman avans yo pral jwenn moun ki kalifye yo otomatikman. Ou pa bezwen fè anyen si nou genyen enfòmasyon fiskal ou.

 

Kiyès ki Kalifye pou Peman Avans yo

Pou kalifye pou peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo, oumenm ( avèk konjwen w lan, si ou te fè yon deklarasyon konjwen) te dwe:

  • Fè yon deklarasyon enpo 2019 oswa 2020 epi reklame Kredi Enpo pou Timoun nan deklarasyon an; oswa
  • Ba nou enfòmasyon ou yo pou ane 2020 an pou w resevwa Peman Enpak Ekonomik la pandan w ap itilize Non-Deklaran yo: Zouti Antre Enfòmasyon Peman yo La a; oswa
  • Ba nou enfòmasyon w yo an 2021 avèk Non-Deklaran: zouti Soumèt Enfòmasyon Ou yo; epi
  • Ap viv nan yon kay prensipal nan Etazini pandan plis pase mwatye nan ane a (50 Eta yo ak Distrik Columbia) oswa fè yon deklarasyon konjwen avèk yon konjwen ki gen yon kay prensipal nan Etazini pandan plis pase mwatye nan ane a; ak
  • Yon timoun kalifye ki genyen mwens pase 18 lane nan fen ane 2021 an epi ki genyen yon nimewo Sekirite Sosyal valid; ak
  • Antre mwens pase yon seri limit revni.

Jere Peman yo

Itilize zouti sa a pou:

  • Verifye si ou enskri pou peman avans yo
  • Dezenskri pou sispann resevwa peman avans yo
  • Aktyalize kont labank ou ak adrès bwat postal ou
  • Aktyalize revni brit ajiste modifye w la si li te chanje an 2021
  • Gade peman ou yo

Nan semenn k ap vini yo, w ap kapab fè lòt mizajou k ap afekte peman ou yo

Jere Peman yo

Non-Deklaran: Soumèt Enfòmasyon Ou yo

Si ou pa gen obligasyon pou ou fè yon deklarasyon enpo epi ou pa t ba nou enfòmasyon ou yo deja, w ap genyen pou ou ba nou kèk enfòmasyon debaz pou Kredi Enpo pou Timoun nan.

Rantre Enfòmasyon Ou yo

Verifye Si Ou Kalifye

Verifye si ou ka kalifye pou peman avans yo.

Itilize Asistan Kalifikasyon an