Èd pou Kredi pou enpo sou kòb moun fè (EITC) Si kòb ou fè a te pi wo nan lane 2019 pase lane 2020, ou kapa itilizw montan lane 2019 la pou repòte EITC ou pou lane 2020 an. Yo bay èd pwovizyonal la atravè Sètitid moun k ap peye enpo ak Lwa sou èd nan moman katastwòf nan lane 2020. Pou wè kredi a, gade Piblikasyon 596, Kredi pou kòb moun fè (an Anglè). Kredi enpo sou kòb moun fè (EITC, an Anglè) ede travayè ak fanmi ki gen yon ti salè oswa yon salè plizoumwen aseptab gen yon souf nan taks. Si w kalifye, ou ka itilize kredi a pou redwi taks ou dwe yo epi ou ka petèt ogmante ranbousman ou. Èske ou te resevwa yon lèt nan men IRS sou Kredi enpo sou kòb moun fè (EITC, an Anglè)? Dekouvri sa a pou w fè (an Anglè). Ki moun ki kalifye Ou ka fè reklamasyon pou EITC a si revni ou ba oswa plizoumwen aseptab. Kantite kredi w la ka chanje si w gen timoun, yon moun ki depann de ou, si w andikape oswa si w ranpli lòt kritè. Lame ak legliz ta dwe revize Règleman espesyal EITC yo (an Anglè) nou yo paske itilizasyon kredi sa a kapab afekte lòt benefis gouvènman an. Itilize asistan pou pwosesis kalifilasyon EITC nou an pou dekouvri si w kalifye epi pou konbyen. Verifye si w kalifye Si w reklame kredi sa a, ka gen reta nan ranbousman (an Anglè) ou a. Dapre lalwa, nou dwe rete tann jiska mitan mwa fevriye a pou nou ranbouse moun k ap peye taks yo e ki fè reklamasyon Kredi enpo sou kòb moun fè. Toujou pa rasire si w kalifye pou EITC a? Resous sa a kapab ede: Kalifikasyon bazik EITC yo (an Anglè) Kòb moun fè Limit kòb moun fè ak tablo sou kredi Règleman pou timoun ki kalifye (an Anglè) Defi ak Kredi enpo sou kòb moun fè (an Anglè) Piblikasyon 5334, Èske mwen kalifye pou EITC? (an Anglè) PDF Kòman pou m reklame kredi sa a Jwenn enstriksyon sou Kòman pou m reklame EITC a (an Anglè) pou 10 dènye ane fiskal yo. Jwenn enfòmasyon sou: Kòman pou evite erè ki komen (an Anglè) Kisa pou w fè si nou verifye reklamasyon w la (an Anglè) Kisa pou w fè si nou refize reklamasyon w la (an Anglè) Kòman pou reklame kredi a si nou te refize w li anvan (an Anglè) Lòt kredi ou ka kalifye Si w kalifye pou EITC a, ou kapab kalifye tou pou lòt kredi enpo. Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun Kredi enpo pou timoun ak kredi pou lòt moun ki depann de yon lòt (an Anglè) Kredi pou swen Timoun ak moun ki depann de yon lòt (an Anglè) Kredi pou edikasyon (an Anglè) Kredi ranbousman rekiperasyon Resous Sou Kredi sou kòb moun fè (EIC) (an Anglè) Rapò ak Estatistik EITC (an Anglè) Èd gratis preparasyon enpo Chwazi yon pwofesyonèl enpo Verifye ki sa w bezwen pote nan preparatè ou a (an Anglè) Santral EITC (an Anglè) gen zouti ak enfòmasyon pou patnè IRS yo, òganizasyon kominotè yo, anplwayè yo, ajans gouvènman yo ak biwo yo ak preparatè enpo yo.