Aksede a enfòmasyon sou kont endividyèl ou, tankou balans, pèman, dosye fiskal, ak plis ankò.

Konekte sou Kont Anliy ou (an anglè)

Si ou pa gen yon non itilizatè IRS oswa yon kont ID.me ki la deja, prepare foto idantite w. W ap jwenn plis enfòmasyon sou verifikasyon idantite disponib sou paj koneksyon an.

Gade Balans Ou

  • Gade montan ou dwe ak repatisyon pa ane fiskal

Fè epi Gade Pèman yo

  • Fè yon pèman apati kont labank ou oswa kat debi oswa kat kredi
  • Gade istorik 5 lane pèman, ansanm ak pèman taks estime ou yo
  • Gade tout pèman ki ankou oswa ki pwograme pou fèt yo

Gade oswa Kreye Plan Pèman

  • Aprann sou opsyon plan pèman yo epi aplike pou yon nouvo plan pèman
  • Gade detay plan pèman w lan si ou gen youn

Jere Preferans Kominikasyon yo

  • Evite papye pou yon seri avi
  • Jwenn mesaj imèl pou nouvo avi yo

Aksede a Dosye Fiskal yo

  • Gade enfòmasyon kle nan dènye deklarasyon taks ou, ansanm avèk revni an gwo ajiste, epi aksede a transkripsyon yo
  • Gade enfòmasyon sou Pèman Enpak Ekonomik ou yo
  • Gade enfòmasyon sou pèman avans Kredi Enpo pou Timoun ou yo
  • Gade kopi dijital kèk avi ki soti nan IRS la

Gade oswa Kreye Plan Pèman

  • Aprann sou opsyon plan pèman yo epi aplike pou yon nouvo plan pèman
  • Gade detay plan pèman w lan si ou gen youn

Gade Otorizasyon Pwofesyonèl Taks yo

  • Gade tout demann otorizasyon pwofesyonèl taks yo
  • Apwouve epi siyen Delegasyon Pouvwa ak Otorizasyon pou Enfòmasyon sou Taks pwofesyonèl taks ou a ak siyati elektwonik.

Aksesiblite

Gen pwoblèm konpatiblite avèk teknoloji pou asistans yo. Ale nan gid aksesiblite (an anglè) a pou ou jwenn èd si w ap itilize yon lektè ekran, yon loup oswa yon lojisyèl a kòmann vokal.

Lòt fason pou w jwenn enfòmasyon sou kont ou